Our Journey
Sou MAK | Medsin an Kreyòl
MAK – Medsin an Kreyòl se yon platfòm sante kominotè ki fèt pou ede tout moun konprann pi byen kò yo, maladi yo, ak fason pou pran swen tèt yo. Nou kwè ke konesans se sante, epi lè enfòmasyon medikal yo klè, senp, epi ekri an kreyòl, chak moun ka pran pi bon desizyon pou lavi yo.
Sit la te kreye pou yon misyon senp:
bay enfòmasyon medikal serye, an kreyòl, ki fasil pou konprann e aksesib pou tout moun.
100,000
Kantite mounki vizite nou chak mwa
1000+
Moun ki abone ak jounal medikal la
100+
Kantite atik ki pibliye deja
10+
depatman an konte sou nou
Misyon Nou ak vizyon nou
Misyon nou
Fè edikasyon medikal vin pi pwòch kominote a.
Bay enfòmasyon ki baze sou syans ak dènye rekòmandasyon klinik yo.
Ankouraje prevansyon, bon abitid sante, ak swen tèt ou.
Kreye yon espas kote moun ka poze kesyon, pataje eksperyans yo, epi aprann youn nan men lòt.
Sa Nou Ofri
Atik Medikal an Kreyòl
Eksplikasyon senp sou maladi komen, prevansyon, medikaman, premye swen, sante timoun, sante fanm, ak anpil lòt sijè.
Kominote Sante
Yon espas kote manm yo ka diskite sou sante, poze kesyon, pataje konsèy, epi jwenn sipò.
Espesyalite Medikal
Kontni òganize selon domèn medikal pou ede w jwenn enfòmasyon rapidman:
Kadyoloji, Pediatri, Gineyoloji, Ortopedi, Medsin Entèn, Nevwo, ORL, ak plis ankò.
Videyo Sante an Kreyòl
Leson ak eksplikasyon vizyèl pou ede w konprann sante w pi byen.
Nan sa nou kwe
Sa ki fe fos nou
Onètete
Nou pataje sèlman enfòmasyon serye.
Aksè
Tout kontni an kreyòl, klè, e senp.
Respe
Chak manm gen valè nan kominote a.
Edikasyon ak inovasyon
Nou kwè fòmasyon sante sove lavi.
